Rezime Lwa ki kreye Biwo monetization program Èd pou devlopman (BMPAD).

Preske tout moun nan peyi a tande pale de biwo monetizasyon program èd pou devlopman, men anpil moun pa gen chans konnen direkteman sa  lalwa di sou biwo sa. Nan Atik sa nou vle  ede plis moun ke posib konprann kisa enstitisyon sa ye e kòman lalwa prevwa fonksyonman l’.



Lwa ki kreye enstitisyon sa te pibliye nan jounal Monitè  jou ki te 4 janvye 2008,li te pase nan chanm depite a ki te genyen kòm prezidan Jean Marcel Lumerant nan dat ki te premye  (1) Dawout 2007 e nan chanm Sena ki te genyen kòm prezidan  Joseph Lambert nan dat ki te 5 desanm 2007.



Lwa sa divize an 6 chapit ki genyen  18 atik  ki defini misyon e fikse estrikti administratif biwo a , kòman yo fikse règleman entèn yo, ak ki kote enstitisyon an jwenn lajan pou li fonksyone.



Biwo monetizasyon èd pou devlopman ki genyen ti sou non biwo monetizasyon chita anba titèl ministè planifikasyon ak kowoperasyon ekstèn, e se yon enstitisyon otonòm,ki gen pèsonalite jiridik.



Kòm misyon « nan patenarya ak òganizasyon nasyonal ak entènasyonal ki enterese, kit li piblik oswa prive, biwo a genyen  poul’ veye  aplikasyon konvansyon, protokòl antant, Akò don oswa prè, ke  gouvènman Ayisyen ak donatè oubyen bayè de fon, siyen, nan kad monetizasyon program ki la pou devlopman an Ayiti. »



BMPAD la :

 




Pou pouswiv tout Akò, konvansyon  ak protokòl ke biwo ki tap gere program PL-480/titre Ш  a;



Negosye epi siyen avèk founisè kontra produi, ke yap komèsyalize nan kad diferan kontra ke biwo ap jere ;



Resevwa, mete nan depo epi komèsyalize produi ke leta ayisyen resevwa nan men ONG ak oganizasyon ki pa gen objektif fè lajan ki la pou finanse projè devlopman ekonomik ak sosyal. ;



Propoze ak konsèy minis yo, fason yo ka itilize lajan ke aktivite ak fon  èd  pou devlopman yo genere.;



Finanse epi swiv projè devlopman yo ;



Mete sou pye, nan lè yo bezwen, komite konsiltasyon oswa komite kap pilote swivi konvansyon, echanj lèt, Akò don oswa prè ke lap jere.;



Veye ke yon pousantaj nan lajan Akò PETROKARIBE al jwenn kolektivite teritoryal yo pou Gesyon  ak devlopman yo. (Atik 1-4)



Biwo monetizasyo an jere pa yon konsèy administrasyon, yon direksyon general avèk kèk direksyon teknik epi yon komite direksyon.

 

Manm  konsèy  Biwo monetizasyon yo se :

  •          ·            Minis Ekonomi ak finans lan (ki se prezidan  konsèy  la)
  •          ·            Minis planifikasyon ak kowoperasyon  ekstèn nan  (vis prezidan)
  •          ·            Minis Afè etranje ak kilt yo
  •          ·            Minis komès ak endistri
  •          ·            Minis Agrilti
  •          ·            Minis travay piblik, transpò ak kominikasyon
  •          ·            Gouvenè BRH la.

Direksyon ekzekitif la gen ladan  : direksyon general ,direksyon administratif ak finans, direksyon  analiz ak evalyason epi yon direksyon komèsyal.



Direksyon general la ekzekite desizyon  konsèy  la ak projè devlopman yo. Se prezidan repiblik la ki nome direktè jeneral la.



Direksyon administratif ak finans lan jere administrasyon ak operasyon finansye biwo a.



Direksyon Analiz ak evalasyon an etidye epi kontrole program ak projè ke biwo a finanse.



Direksyon komèsyal la negosye ak patnè yo, resewa epi komèsyalize produi yo bay yo, espesyalman produi ki soti nan petròl.



Komite direksyon an la pou elabore program ak projè biwo a.



 

 Biwo a jwenn resous finansye poul’ fonksyone atravè fon ke yo alwe pou li nan projè ke lap jere yo. Epi Gouvènman ka bay li lòt lajan poul’ finanse lòt depans ke li ka genyen.

 


Plus récente Plus ancienne